La radio du Sud'est d'Haïti !

Flash

  • Haïti – Montréal : Alexandre Kénol sélectionneur de l’équipe haïtienne de Futsal
  • Le Violette AC sur le toit du football haïtien
  • Haïti – RD : Un dangereux criminel haïtien évadé de prison, arrêté à Dajabón
  • Haïti – Politique: Les Bahamas mettent Haïti en quarantaine
  • Haïti – Mondiaux de ski alpin 2021 : Novaminds, sponsor officiel de l’équipe haïtienne
  • Haïti – Actualité : Zapping…
  • Haïti – Diaspora Covid-19 : Bulletin quotidien #331
  • Home
  • Actualité
  • Politique
  • Justice
  • Économie
  • Culture & Société
  • Santé
  • Sport
  • Tourisme
  • Contactez-nous
  • Suivez-nous
    • Facebook
    • Twitter
    • RSS Feed
    • Youtube

Franck Laraque kite nou

Aug 26, 2016 admin Actualité 0


Franck Laraque kite nou

Omaj Tontongi

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 out 2016

Se avèk dlo nan je nou aprann nouvèl lanmò zanmi nou Franck Laraque, youn nan pi gwo gason vanyan peyi Ayiti met sou latè. Li trepase lakay li nan Bouldè, eta Kolorado, nan mèkredi 24 dawout a 6 zè dimaten, pa swit konplikasyon konjesyon serebral ak nemoni. Franck Laraque te gen 94 zan.

Depi apre l antre nan Nouyòk, Etazini, an 1957, Franck Laraque toujou rete yon prezans konbatif nan lit pou liberasyon pèp d Ayiti kit kont dominasyon diktatè sanginè, kit kont dominasyon boujwazi eksplwatè ouswa dominasyon enperyalis. Lè frè li Paul Laraque jwenn li nan lekzil nan Nouyòk an 1961, yo fòme yon koup aktivis, veyadò enfatigab pou enterè pèp oprime ayisyen an e pou sa yo rele a « Dezyèm Endepandans » Ayiti. Yo itilize tout mwayen legal posib, petisyon, reyinyon piblik, atik jounal, manifestasyon nan lari, elatriye, pou ekspoze malè peyi d Ayiti devan lemonn antye e pou denonse koupab anndan ak koupab deyò ki te reskonsab malè yo.

Li pase venn-twa zan ap anseye nan City College, nan Nouyòk, kote etidyan l yo konsidere l kou yon resous endispansab ; nan prefas dènye liv Franck Laraque la, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, Frantz-Antoine Leconte di pwofesè Laraque « ankouraje kreyasyon kou envantif nan literati, filozofi, sosyoloji, relijyon, sikoloji an kreyòl ayisyen ak sou istwa nwa-ameriken, li ret toujou fidèl ak misyon pou l agrandi, ouvri orizon konesans etidyan yo. (…) Se te yon gran lonè pou aprenan yo lè li te fasilite yo eksplore yon monn yo te defann yo konnen : monn mati etazinyen ki te goumen, nan risk pou lavi yo, pou emansipasyon tout moun ».

Max Manigat te konn Franck lè l t ap anseye nan City College, men temwayaj li bay sou li nan liv Franck lan, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire : « [Franck Laraque] ak kèk lòt pwofesè pran devan pou yo kreye yon depatman Black Studies lan kolèj la. (…) Depi jou Depatman Black Studies City College la derape Frank konsidere li tankou yon ti pyebwa li te plante ; se li ki pou okipe li, veye li ap grandi. Li lage tout entelijans li, tout devouman li pou Depatman an devlope : kreyasyon nouvo kou, chèche bon pwofesè, enterese etidyan pran kou yo, mande etidyan yo menm pou yo sijere kou yo ta renmen. Kanta pou etidyan ayisyen yo, li toujou ankouraje yo aprann lang yo, literati yo, istwa yo. Se konsa li te fè mete kat kou lan kourikoulòm lan – m ta di espesyalman pou yo : Creole Languages in the Caribbean ; The Haitian Revolution and the Black Experience ; Black Literature of French Expression, Fanon and the Third World. Devan pouryanis anpil jenn Afriken-Ameriken, Karibeyen-Ameriken ak Ayisyen-Ameriken, lan kolèj la, k ap mache san direksyon, li pouse pou Depatman an adòpte lòt kou tankou : Negritude as a Cultural Movement ; Race and Politics in the Caribbean ; Caribbean Leaders ; Malcom X : His Life. Leadership and Legacy ; Martin Luther King Jr. and the Mass Non-violent Movement ; The Politics of Hunger. (…) Frank pa te pwofesè sèlman ; li te “mentò” [gid, konseye] tou. Se pa yon manyèl konduit li te prete etidyan yo pou yo te aprann bon prensip. Non ! Non ! Se konpòtman li ki te liv la. Nan gade li ap viv yo te aprann : disiplin, ak solidarite – pa lan bouch ase, men toutbon vre ; jan pou yo te kanpe sou pozisyon politik ki korèk ; jan pou yo toujou kenbe pawòl yo : wi se wi, non se non. Biwo li te yon apye kote etidyan te monte desann pou vin pran konsèy ak plis eksplikasyon sou sa ki te di lan klas yo pa te fin byen konprann. Si m pa twonpe m, gan ansyen etidyan ki jouk jounen jodi pa janm lage li poutèt bon enfliyans li te gan sou yo depi plis pase trant, karant an. »

Depi lè li te ti jèn ofisye nan Lame d Ayiti pandan premye mwatye ane 1950 yo, an pasan pa pwofesora li nan City College nan Nouyòk, rive nan retrèt li de ansèyman (yon « retrèt » ki pa anpeche l kontinye kontribye, nan medya ayisyen yo, etid, atik ak kòmantè kritik sou tout grann evennman, kesyon ak katastwòf ki akable peyi d Ayiti), Franck Laraque toujou rete yon lespri lib, sètadi yon konsyans kritik ki demistifye tout move mit e refize tout entèdiksyon, keseswa entèdiksyon onivo ide, posiblite, ouswa onivo rèv pou reyalize.

Nan posfas mwen ekri pou L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, mwen pale kouman Franck Laraque te nwaye nan mitan powèt lè li t ap leve kou ti jèn jan : dabò Paul ak Guy, men tou Émile Roumer, Jean F. Brierre, René Bélance, Regnor Bernard, Fernand Martineau, Hamilton Garoute, Raymond Chasssagne, Josaphat-Robert Large, elatriye. Mwen pale tou de enterè misye te montre nan Jacques Roumain ansanm ak atirans li pou ekonomi politik, epi sitou ensistans li pou nou adopte yon praksis ki ankouraje aplikasyon anpirik konsèp revolisyonè yo, sètadi bati lekòl pou timoun aprann, bati lopital pou swaye malad, òganize kowoperativ pou regwoupe resous peyizan yo, fonde gwoup daksyon pou fouye kanal, rebwaze tè tèt kalbas yo, an brèf, yon liy daksyon « otojèn », sètadi yon pwogram daksyon ak ajisman ki konte sou pwòp fòs ak resous pa nou, eke noumenm nou mennen sistematikman jiskobou.

Nan posfas la, mwen rann temwayaj de penetrasyon analiz Laraque yo ansanm ak pèsistans konviksyon li yo san konte sous enspirasyon zèv li yo genyen. Kan tout bagay fin di, apre tout gwo diskou, kesyon ekonomik yo, kouwè Marx te montre eke Laraque vin konfime, toujou rete kesyon prensipal yo paske yo se motè lit de klas yo. Sa Marx rele priz de konsyans oprime a, Franck Laraque rele l « alfabetizasyon ekonomik » oprime a, etap endispansab konsyantizasyon ak liberasyon li.

Antanke nonm ki renmen literati, misye konnen li pat ka rivalize avèk de frè l – Paul ak Guy –, men, kou nou wè nan liv li Révolte dans le théâtre de Sartre, san wetire bèl lirik li ekri sou Jean Brierre, Jean Métellus, Jean Métellus, Cauvin Paul, Marie Chauvet, Guy Laraque, ansanm ak tradiksyon powèm pitit fi li Marie-Hélène Laraque nan liv li Haïti : La lutte et l’espoir, Franck Laraque rete nan nanm li yon powèt, men ou ta di, yon powèt ki vann vè li yo pou l ka bay kominote a manje. Li ekri Défi à la pauvreté apre La Révolte dans le théâtre de Sartre, yon tèks kritik chaje ak pwezi sibtil, an soudin, an lonè zèv teyat gran filozòf libète a.

Nan yon peryòd de 16 zan, Franck Laraque pèdi kat moun ki te trè chè ak li, dabò frè li Guy Laraque (1991), pitit fi li Marie-Hélène Laraque (2000), madanm li Anne-Marie Dupuy Laraque (2002), epi frè li, kanmarad lit li, Paul Laraque (2007). Byenke trajedi sa yo boulvèse l anpil, li toujou rete fò pou sa k ret dèyè yo ; li toujou dirije lespri l sou sa k fèt pou rann prezan nou ak fiti nou miyò. Li toujou parye sou lavni.

Jiskalafen, Franck Laraque rete yon imanis ki renmen moun e ki renmen lavi. Li toujou reve de yon Ayiti ki libere e ki fè aplike jistis sosyal ak egalite politik, kiltirèl, lengwistik e ekonomik. Lefètke l met aksan sou resous aktyèl e potansyèl peyi a, ansanm ak sou kapasite ine pèp la genyen, li rann menm lè a posib sa yo te panse ki enposib nan paradigm depandans anvè asistans lan : yon modèl devlopman ki solid, aksesib e otantik. Sa ki te enposib vin posib, paske Franck Laraque ret toujou kwè peyi a ak pèp la gen mwayen nesesè yo pou materyalize aspirasyon yo genyen pou yon chanjman kalitatif, yon chanjman ki rann peyi ak pèp la vin chèmètchètrès lakay yo, nan yon vi ki libere, kote tout moun gen manje pou yo manje, tout moun gen aksè ak edikasyon e elevasyon ansanm ak respè diyite tout kretyen vivan.

Nou voye tout kondoleyans nou bay tout fanmi Franck Laraque ki siviv li, dabò pitit li Michèle ak Grégor Laraque, Michelle Gayle, Hatuey ak Keila, Jérémie ak Brooke, Kodid ak John ; pitit Marie Hélène yo : Noni, Hye, Siku ak Pauloosie, Danielle, Marc ak Luigi Arena, Karèn Bogat, Fabienne Laraque Ho, Ronald ak Gilbert Laraque, Max Laraque, Serge Laraque, Reine Fontaine Bélizaire, Ady ak Gladys Blanchet, Ginette Mangonès, Ghilda Laraque, Carmen Laraque Miot, Elizabeth Martineau, Serge ak Pierrete Rameau, Hilda Woel, Hilda ak Lou Auguste, Alex Dupuy, Frantz ak Gigi Gardère, Nicole Gardère, Edith Dreyfus Hudicourt, Yanick ak Hervé Gautier, ak tout lòt yo nou pa site la a.

Nou voye kondoleyans nou bay tou tout zanmi Franck yo, anpil nan yo gen amitye avè l ki dire plis ke yon demi syèk. Georges Jean-Charles te di m nouvèl la destabilize l, de menm pou Denizé Lauture ki di sa boulvèse li. Max Manigat di li ba li tèt vire. Franck te gen bon rapò solid avèk tout zanmi li yo.

Pèsonèlman, Franck Laraque ap manke m anpil, depi plis ke twa dekad mwen konnen li, li toujou reprezante yon sòt de fanmi pou mwen ak fanmi mwen. Li toujou rete yon nonm janti, jenere anvè jèn yo e anvè tout koz pou avansman peyi d Ayiti. Li vizite Boston plizyè fwa pou patisipe nan konferans ak reyinyon patriyotik. Li te yon gason vanyan k ap ret yon enspirasyon pou tout jenerasyon k ap vini yo. kenbe la, kanmarad !

- Tontongi, 25 dawout 2017

Antèman Franck Laraque ap fèt nan lendi 29 dawout a midi sonan, nan ponp finèb Crist Mortuary, nan adrès 3395 Penrose Place, Boulder, Colorado 80301 (tel. 303-413-1533). Vizitasyon ap louvri depi 11 zè dimaten. Li ap antere nan simityè Mountain Cemetery, nan Bouldè, Kolorado.

Franck Laraque’s funerals will be held on Monday October 29th at 12 PM at the funeral home Crist Mortuary, 3395 Penrose Place, Boulder, Colorado 80301 (tel. 303-413-1533). Visitation open at 11 AM. The burial will take place at Mountain Cemetery.


  • tweet
Les titres de l'actualité Le secrétaire d’état à la sécurité publique présente son plan d’action en vue d’améliorer le climat sécuritaire à travers le pays à l’approche des élections

admin

Lire aussi
  • Haïti – Montréal : Alexandre Kénol sélectionneur de l’équipe haïtienne de Futsal
    Haïti – Montréal : Alexandre...

    Mar 01, 2021 0

  • Le Violette AC sur le toit du football haïtien
    Le Violette AC sur le toit du football...

    Mar 01, 2021 0

  • Haïti – RD : Un dangereux criminel haïtien évadé de prison, arrêté à Dajabón
    Haïti – RD : Un dangereux...

    Feb 18, 2021 0

  • Haïti – Politique: Les Bahamas mettent Haïti en quarantaine
    Haïti – Politique: Les Bahamas...

    Feb 18, 2021 0

Lisez dans cette catégorie
  • Haïti – RD : Un dangereux criminel haïtien évadé de prison, arrêté à Dajabón
    Haïti – RD : Un dangereux...

    Feb 18, 2021 0

  • Haïti – Actualité : Zapping…
    Haïti – Actualité :...

    Feb 15, 2021 0

  • Crise politique en Haïti : ce que pensent les médias internationaux
    Crise politique en Haïti : ce que...

    Feb 15, 2021 0

  • Haïti – Liberté de presse : Note de protestation contre les violences policières
    Haïti – Liberté de presse :...

    Feb 15, 2021 0


Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

You may use these HTML tags and attributes: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <cite> <code> <del datetime=""> <em> <i> <q cite=""> <strike> <strong>

Recherchez sur Négritudefm.com

Branchez Radio Haiti Tropical sur Tune In

Nos Fans sur Facebook

Lotterie – Tchala

Rêve

Numéro Correspondant

ABATTOIR16.69.31.43
ABOIEMENT31
ABEILLES96.06.08.49
ACCOUCHEMENT 32.56.11.33
ACHAT55.07.76.36
Cliquer pour afficher le Tchala au complet
  • Latest
  • Popular
  • Tag
  • Haïti – Montréal : Alexandre Kénol sélectionneur de l’équipe haïtienne de Futsal
    Haïti – Montréal : Alexandre Kénol sélectionneur de l’équipe haïtienne de Futsal

    Mar 01, 2021 0

  • Le Violette AC sur le toit du football haïtien
    Le Violette AC sur le toit du football haïtien

    Mar 01, 2021 0

  • Haïti – RD : Un dangereux criminel haïtien évadé de prison, arrêté à Dajabón
    Haïti – RD : Un dangereux criminel haïtien évadé de prison, arrêté à Dajabón

    Feb 18, 2021 0

  • Haïti – Politique: Les Bahamas mettent Haïti en quarantaine
    Haïti – Politique: Les Bahamas mettent Haïti en quarantaine

    Feb 18, 2021 0

  • Haïti – Mondiaux de ski alpin 2021 : Novaminds, sponsor officiel de l’équipe haïtienne
    Haïti – Mondiaux de ski alpin 2021 : Novaminds, sponsor officiel de l’équipe haïtienne

    Feb 18, 2021 0

  • Haïti – Actualité : Zapping…
    Haïti – Actualité : Zapping…

    Feb 15, 2021 0

  • Haïti – Justice : Rapport semestriel sur la situation des droits de l’homme
    Haïti – Justice : Rapport semestriel sur la...

    Jul 01, 2014 0

  • Franck Laraque kite nou
    Franck Laraque kite nou

    Aug 26, 2016 0

  • Haïti – Actualité : zapping…
    Haïti – Actualité : zapping…

    Oct 04, 2018 0

  • Haïti – Économie: Analyse des développements récents dans l’économie haïtienne par la BRH
    Haïti – Économie: Analyse des développements récents...

    Oct 02, 2014 0

  • Haïti-Tourisme : G Adventures offre des forfaits touristiques de 10 jours en Haïti pour 2,499 USD
    Haïti-Tourisme : G Adventures offre des forfaits...

    Oct 06, 2014 0

  • Haiti-Foot-D1 : Le FC Petit-Goave retrouve son fauteuil de leader
    Haiti-Foot-D1 : Le FC Petit-Goave retrouve son fauteuil de...

    Oct 04, 2016 0

Suivez-nous sur Youtube

Agenda Culturel

  • Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 22 au mardi 28 août 2018
    Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 22 au mardi 28...

    Aug 23, 2018 0

  • Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 7 au mardi 13 mars 2018
    Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 7 au mardi 13...

    Mar 08, 2018 0

  • Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 6 au mardi 12 décembre 2017
    Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 6 au mardi 12...

    Dec 08, 2017 0

  • Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 29 novembre au mardi 5 décembre 2017
    Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 29 novembre au...

    Nov 30, 2017 0

  • Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 25 au mardi 31 octobre 2017
    Haïti-Agenda culturel : Semaine du mercredi 25 au mardi 31...

    Oct 24, 2017 0

Categories

  • Actualité (1,914)
  • Agenda Culturel (42)
  • Culture & Société (680)
  • Économie (601)
  • Justice (500)
  • Musique (71)
  • Politique (3,273)
  • Santé (387)
  • Sport (691)
  • Tourisme (79)

Archives

  • March 2021 (2)
  • February 2021 (104)
  • January 2021 (158)
  • December 2020 (59)
  • November 2020 (105)
  • October 2020 (197)
  • September 2020 (125)
  • August 2020 (110)
  • July 2020 (66)
  • June 2020 (98)
  • May 2020 (122)
  • April 2020 (95)
  • October 2018 (14)
  • September 2018 (81)
  • August 2018 (46)
  • July 2018 (92)
  • June 2018 (54)
  • May 2018 (36)
  • April 2018 (74)
  • March 2018 (72)
  • February 2018 (111)
  • January 2018 (183)
  • December 2017 (152)
  • November 2017 (203)
  • October 2017 (190)
  • September 2017 (182)
  • August 2017 (23)
  • July 2017 (38)
  • June 2017 (83)
  • May 2017 (127)
  • April 2017 (79)
  • March 2017 (117)
  • February 2017 (110)
  • January 2017 (125)
  • December 2016 (177)
  • November 2016 (110)
  • October 2016 (142)
  • September 2016 (253)
  • August 2016 (285)
  • July 2016 (263)
  • June 2016 (325)
  • May 2016 (248)
  • April 2016 (256)
  • March 2016 (314)
  • February 2016 (267)
  • January 2016 (334)
  • December 2015 (138)
  • November 2015 (88)
  • October 2015 (131)
  • September 2015 (107)
  • August 2015 (129)
  • July 2015 (79)
  • June 2015 (61)
  • May 2015 (120)
  • April 2015 (139)
  • March 2015 (99)
  • February 2015 (104)
  • January 2015 (119)
  • December 2014 (94)
  • November 2014 (71)
  • October 2014 (51)
  • September 2014 (30)
  • August 2014 (41)
  • July 2014 (69)
  • June 2014 (2)
  • January 2014 (1)

Contactez-nous

Votre nom complet (obligatoire)

Votre Email (obligatoire)

Sujet

Votre Message

Radio Négritude

89.7 FM Stéréo

40, rue Contie, Jacmel, Haïti

Tél.: (509) 4204-4440 /

4890-6585

Radio Négritude FM 89.7 FM Stéréo @ 2014 by Santa Barbara Production owned by Daniel Daréus